Accessibility links

Breaking News

Radyoskopi Selebrasyon "Thanksgiving Day" Ou Jounen Aksyon de Gras Ozetazini


Parad Thanksgiving nan New York, ke gwo magazen MACY'S ap patwone pou yon 93èm ane. (Foto: New York, 28 novanm 2019).
Parad Thanksgiving nan New York, ke gwo magazen MACY'S ap patwone pou yon 93èm ane. (Foto: New York, 28 novanm 2019).

Ozetazini, nan vil tankou New York, parad avèk gwo defile pran lari jedi 28 novanm 2019 la, ki se dènye jedi nan mwa a, nan okazyon Thanksgiving Day a, ou Jounen Aksyon de Gras la; televizyon retransmèt parad sa yo tou patou atravè peyi a.

Gwo van k ap vante te menase pou yo pa kite oganizetè yo lanse balon ki toujou mache ak selebrasyon sa a nan Gwo Ponm nan (The Big Apple, jan yo rele vil New York), alòske lansman balon yo se spektak moun pi renmen nan parad Thanksgiving nan. Se konsa, Majistra Bill de Blasio te resevwa gwo aplodisman nan men foul la lè l te deklare balon yo pral monte nan lè a kanmèm menm si y ap rete yon ti kras pi ba ke pandan ane anvan yo.

Kodenn ki toujou fè pati manje fanmi an nan Jounen Aksyon de Gras la.
Kodenn ki toujou fè pati manje fanmi an nan Jounen Aksyon de Gras la.

Parad ane sa a se 93èm selebrasyon Jounen Aksyon de Gras la ki jwenn patwonaj yon gwo magazen ki rele MACY'S. Spektak la genyen ladan n patisipasyon 8 mil moun degize k ap defile, 2 douzèn cha avèk wa ak rèn sou yo epi plizyè òkès k ap deplase apye; nan fen defile a Papa Nwèl pral parèt avèk kado l ap distribiye adwat, agoch.

Pami atis k ap anime selebrasyon an nou jwnen Céline Dion, Ciara, Kelly Rowland avèk Idina Menzel. Pou anpil ameriken Jounen Aksyon de Gras la se yon gwo fèt nasyonal kote yo montre rekonesans yo pou tout bon bagay ki rive nan vi yo pandan tout ane a; jounen sa a make tou kòmansman sezon fèt fen dane yo.

Pwogram espesyal Lavwadlamerik nan okazyon Thanksgiving Day, ou Jounen Aksyon de Gras Ozetazini, jedi 28 novanm 2019.
please wait

No media source currently available

0:00 0:30:05 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv yon pwogram espesyal Sèvis Kreyòl la prepare nan okazyon Jounen Aksyon de Gras 2019 la. Envite yo se 2 mè de fami ayisyèn, Adèle Williams ak Lyssa Piquion, ki di kijan yo selebre fèt la, kisa li reprezante pou sitwayen ameriken yo, swa "yon jounen pou yo di Bondye mèsi pou benediksyon li yo"; epi Doktè Fred Williams ki pale de okazyon Jounen Aksyon de Gras la ofri manm divès kominote pou yo rasanble pou youn di tout apresyasyon li genyen pou lòt e mete aksyon sou sa ki ini yo e non sa ki divize yo...

XS
SM
MD
LG