Accessibility links

Breaking News

Teyat Klasik, Dram Modèn


Teyat Klasik, Dram Modèn
Teyat Klasik, Dram Modèn

Kèk nan pyès teyat ki sou pwogram pwodiksyon klasik Akademi Mizik Brooklyn nan pou sezon 2011 la, se yon seri de pyès teyat ki egziste depi plis pase 100 tan –genyen menm ki la depi plis pase 400 zan.

Sepandan, tankou Joe Melillo, reyalizatè egzèkitif akademi an deklare, moun ki renmen teyat yo genyen gwo apeti pou pwodiksyon otè tankou Ibsen, Gogol ak Shakespear. An tou ka, se kou ti pate cho tike ap vann pou moun al wè pyès teyat otè say o ki alafich pou sezon 2011 la.

Daprè Misye Melillo, aktè ak aktris ki jwe nan pyès sa yo fè konnen genyen yon eksplikasyon byen senp pou sitiyasyon sa a: sè ke tram ki nan pyès otè nou site yo (Ibsen, Gogol ak Shakespear) se ba ou yon senaryo ki koresponn egzatteman ak sa kap pase nan vi espektatè yo.

Si ou pran, pa egzanp, yon pèsonaj tankou John Gabriel Borkman, ki nan yon pyès Henrik Ibsen te ekri an 1896. Se yon ti pèsonaj mizerab, yon bankye ki ale nan prizon poutèt li te mal itilize lajan kliyan n yo te ba li pou l envesti.

Anpil moun konpare sa ak reyalite a Ozetazini jounen jodiya ;e yo di Ibsen ta byen kapab ekri sou yon finansye modèn ki rele Bernie Madoff, ki ale nan prizon sa pa en lontan aprè lajistis te ba li yon santans 150 tan prizon poutèt li te pase 10 zan ap pran lajan envestisè yo –swa plizyè dizèn milya dola.

Pawòl la di «Se pyès teyat ki touche emosyon e ki pwovoke sansasyon ki fè yon piblik deplase. » E se rezon sa a ki fè metè-an-sèn yo, aktè ak aktris yo toujou retounen nan sous klasik la.

XS
SM
MD
LG