Accessibility links

Breaking News

Etazini: Sispèk Koli Pyeje nan Tekzas la Sote Tèt li Pandan Lapolis Sène l

Chèf polis Austin Tekzas la, Brian Manley, nan mitan, pandan li tap bay yon konferans pou laprès ansanm ak lòt otorite nan direksyon polis la apre sispèk koli pyeje a te sote tèt li ak yon bonm lè lapolis tap pousuiv li mèkredi 21 mas 2018 la.

La polis nan vil Austin, eta Tegzas, fè konnen mèkredi 21 mas la sispèk ki mele nan plizyè atak ak koli pyeje a mouri apre li sote yon eksplozif andedan yon machin li tap kondwi sou yon otowout ,nan moman kèk polisye tap eseye apwoche li.

Chèf lapolis vil Austin an, Brian Manley, deklare bay jounalis yo, yo idantifye asayan an kòm yon jèn gason blan 24 tran. La polis dekouvri machinn eleman an nan yon otèl ki nan pati nò vil la, anvan li te derape ak veyikil la nan direksyon yon otowout, e se la , li te sote tèt li.

Chèf polis la, di ekip envestigatè a, ki gen ladann divès ajan FBI, kwè se nèg sa a ki responsab tout atak ak bonm nan vil la, atak ki te tanmen nan dat 2 mas pase a e ki touye 2 moun e blese 4 lòt. Prezidan Trump bat bravo pou fòs de lòd yo dapre deklarasyon li fè sou rezo sosyal Twitter.

XS
SM
MD
LG