Accessibility links

Breaking News

Lezetazini Pare Pou L Teste Premye Vaksen Chèchè Li Yo Fabrike Kont Kowonaviris


Nan dat 16 mas 2020, Madam Neal Browning te resevwa yon piki nan kad premye etap yon esè klinik pou teste sekirtie yon vaksen posib pou maladi COVID-19. Esè sa a te fèt nan Sant Sante Kaiser Permanente nan Washington,, D.C. (Foto: Dosye).
Nan dat 16 mas 2020, Madam Neal Browning te resevwa yon piki nan kad premye etap yon esè klinik pou teste sekirtie yon vaksen posib pou maladi COVID-19. Esè sa a te fèt nan Sant Sante Kaiser Permanente nan Washington,, D.C. (Foto: Dosye).

Premye vaksen kont KOVID-19 --maladi kowonaviris bay la-- ke yo teste Ozetazini, pa gen okenn efè negatif sou sistèm iminitè moun, jan espesyalis yo te espere sa a. Se sa chèchè yo anonse nan jounen madi 14 jiyè a nan moman responsab ameriken yo pare pou yo kòmanse fè tès final yo. Doktè Anthony Fauci, pi gwo espesyalis nan domèn maladi enfektyèz nan peyi a, ki t ap fè yon entèvyou avèk ajans nouvèl The Associated Press, bay opinyon li sou evolisyon eksperimantasyon an:

“Kèlkeswa jan yo apwoche sitiyasyon an, sa se yon bon nouvèl.”

Vaksen eksperimantal sa a, ke kòlèg Doktè Fauci yo devlope nan Enstiti Nasyonal Sante a an kolaborasyon avèk konpayi Moderna Incorporated, pral tanmen etap ki pi enpòtan an nan eksperyans la nan jounen 27 jiyè pwochen, dat kote yo pral teste li sou yon gwoup 30 mil moun nan kad yon etid ki pral pwouve si efektivman vaksen an gen fòs ase pou l pwoteje moun kont kowonaviris.

Yon vaksen posib kont KOVID-19.
Yon vaksen posib kont KOVID-19.

Sepandan, nan jounen madi a sete avèk gwo anksyete chèchè yo anonse y ap tann rezilta yon premye esè yo te fè avèk 45 moun ki te pote yo volontè pou yo pran vaksen an depi nan mwa mas pase a. Men, eksperimantasyon sa a montre ke vaksen an rive ranfòse sistèm iminitè moun yo.

Vrèmanvre, premye moun ki te pran l yo devlope nan san k ap sikile nan venn yo sa savan yo rele “anti-kò netralizan”, swa yon seri de molekil ki jwe yon gwo wòl nan travay pou bloke enfeksyon; e yo fè sa nan yon nivo ki konparab avèk sila yo ke doktè jwenn nan san moun ki rive refè anba KOVID-19, maladi kowonavrisla bay la. Se sa ekip chèchè yo rapòte nan Jounal Medsin Nouvèl Angletè a (New England Journal of Medicine).

XS
SM
MD
LG