Accessibility links

Breaking News

Konsèy sou Kowonaviris: Kisa pou W Fè si W Bezwen Fè yon Tès pou Maladi KOVID-19?


Tès pou kowonaviris.
Tès pou kowonaviris.

Konsèy CDC (Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) sou fason pou piblik la konpòte l pou l pwoteje tèt li pandan peryòd kowonaviris la.

Si w panse ou bezwen pran yon tès pou viris ki bay maladi KOVID-19 la, kontakte doktè w oubyen reprezantan Depatman Sante Piblik nan zòn kote w ap viv la. Mete yo okouran de sentòm ou santi yo epi fè yo konnen kijan ou panse ou te ekspoze anba viris la. Doktè w la oubyen reprezantan Sante Piblik va fè w konnen ki kote yo ka teste w pou kowonaviris.

San di pètèt, otorite Sante Piblik nan depatman -oubyen nan vil- oubyen anko nan bouk kote ou abite a, kapab ba w enfòmasyon sou biwo kote ou ka jwenn pwofesyonèl ki fè tès. Si ou ta bezwen yon tès pou anti-kò, rele doktè w pou konnen si li fè kalte tès sa a e, si l pa fè li pèsonèlman, li ka di w ki kote ou ka ale pou yo fè youn pou ou.

XS
SM
MD
LG