Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Tedros Ghebreyesus, fè konnen- pandemi kowonaviris la “poko prèt pou pretann fin pase” epi eklatman maladi a ap vale teren avèk yon mach akselere toupatou sou Late.
Pandan chèf OMS la t ap prezante, lendi 29 jen an, pwen de près li bay chak jou nan katye jeneral òganizasyon entènasyonal la nan vil Jenèv, nan peyi Laswis, li deklare jou madi 30 jen an ap fè 6 mwa jou pou jou, dat pou dat, depi ajans sante l ONU an te resevwa poulapremyè fwa enfòmasyon ki te di l gen yon tip nemoni moun pa t janm wè anvan ki te eklate nan Peyi Lachin e, dapre li, se premye-premye nouvèl ki te fe kwè yon ijans medikal te prezante nan lemond; ijans sa a sete kowonaviris la. Misye Ghebreyesus presize:
<<Sa gen 6 mwa pèsonn nan nou pa t kapab imajne kijan mond nou an avèk lavi nou ta pral tonbe nan tètchaje akoz viris tou nèf sa a.>>
Ansuit chèf OMS la atire atansyon sou le fèt ke depi lè sa a òganizasyon an anrejistre plis pase 10 milyon ka enfeksyon kowonaviris, plis yon demi milyon moun -swa 500 mil kretyen-vivan- ki pèdi lavi yo anba maladi a nan lemond antye. Li ajoute:
<< Pi fò peyi yo fèt pou mande tèt yo ki plan yo pral itilize pou yo viv avèk kowonaviris la, paske se lavi sa a k ap tounen "nouvo vi nòmal la.">>
D.G. OMS la fini pa di: "Tandiske anpil peyi rive ralanti pwopagasyon viris la, yo pa reyisi bloke l totalman. Gen peyi ki anrejistre kèk ogmantasyon nan kantite ka enfeksyon yo nan moman yo t ap eseye relouvri aktivite sosyal yo avèk aktivite ekonomik yo.