Accessibility links

Breaking News

Tayland Ekstrade Ozetazini Sitwayen Ris Viktor Bout


Tayland Ekstrade Ozetazini Sitwayen Ris Viktor Bout
Tayland Ekstrade Ozetazini Sitwayen Ris Viktor Bout

Nan Tayland, Lapolis fè konnen sitwayen rus Viktor Bout (ke yo sispèk kòm yon trafikan zam) sou wout pou Lèzatini kote li genyen pou l prezante devan lajistis ; sa mete fen nan batay ki fèt pandan 2 zan edmi pou Washington te jwenn ekstradisyon misye, yon sitiyasyon ki lage tansyon nan relasyon ant Lèzetazini ak Larisi.

Daprè lapolis taylandèz toujou, yon avyon “charter” kite vil Bangkòk madi 16 novanm 2010 la avèk misye Bout abò l, kèk èd-tan sèlman apre premye-minis Abhisit Vejjajiva te pale ak laprès pou l di kabinè ministeryèl li a te deside kite pwosesis ekstradisyon an avanse nòmalman.

XS
SM
MD
LG