Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Tomas Kapab Frape Ayiti


Espesyalis meteyo yo fè konnen tanpèt twopikal Tomas k ap deplase nan Basen Karayib la, kapab pran fòs e frape Ayiti nan fen semèn nan. Sant Nasyonal Ouragan Etazini an ki gen baz li nan Miami di Tomas twouve l sou yon distans anviwon 640 kilomèt ak pati sid-sidès Pòtoprens e li pote avèk li van k ap soufle a 75 kilomèt a lè. Tomas te pèdi fòs dimanch 31 oktòb 2010 la; men espesyalis meteyo a di li kapab pran fòs ankò anvan mèkredi 3 novanm 2010 la. Lavwadlamerik te pale yon lòt fwa ankò ak madam Alta Jean-Baptiste, direktris Biwo Pwoteksyon Sivil nan peyi Dayiti.

Klike sou lyen anlè e adwat atik la pou w tande entèvyou madam Jn. Baptiste ak Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG