Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal “Irèn” Tounen Premye Siklòn Sezon 2011 la


Yon tanpèt Twopikal Irèn pran fòs pou l tounen premye siklòn ki pran nesans sou Oseyan Atlantik la pou sezon 2011 la. Li menase Ayiti ki anba avèstisman anti-siklòn, sitou pati nò peyi a .

Direktè Sèvis Nasyonal Metewoloji ayisyen an, Ronald Semelfort, di otorite yo mete peyi a sou yon eta dalèt wouj –sa vle di genyen gwo posiblite pou sistèm nan fè anpil dega ak viktim nan peyi a.

Dènye nouvèl yo fè konnen siklòn nan lage gwo lapli e li pote gwo van sou plizyè rejyon nan Potoriko kote plis pase 800 mil kay pa gen kouran elektrik. Kounyela a Irèn deja ap fè santi prezans li nan pati lès ak nò Repibik Dominikèn, avèk van maksimòm k ap soufle a 120 kilomèt alè, e espesyalis yo prevwa li pral pran plis fòs nan 2 jou kap vini la yo.

Nan Miami, Sant Nasyonal meteo Ameriken an di, aprè Pòtoriko, Irèn pran direksyon Lil dAyiti, Kiba e gen posibilite pou l frape Miami ki nan pati sid Lèzetazini, pi ta nan semèn nan.

Pou plis eksplikasyon sou danje siklòn Irèn poze pou peyi Dayiti klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute direktè Sant Meteowoloji nasyonal Ayiti a, Ronald Semelfort.

XS
SM
MD
LG