Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Emily Poze Menas pou Viktim Tranblemanntè yo ann Ayiti


Plizyè santén milye ayisyen k ap viv anba tant ap fè fas ak gwo lapli, van, eboulman ak inondasyon nan moman tanpèt twopikal Emily ap pase sou peyi Dayiti.

Tanpèt la, ki gen van k ap soufle ak yon vitès 85 kilomèt a lè, kòmanse vide dlo sou Ayiti ak Repiblik Dominikèn; daprè previzyon meteowolojik yo, 2 peyi yo kapab resevwa jiska 50 santimèt lapli.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an ki baze nan Miami, Eta Florid, fè konnen Emily –ki se 5èm tanpèt twopikal ki fòme sou Oseyan Atlantik la pou sezon 2011 la- kapab antre sou teritwa kiben an nan sware jedi 4 out la.

Otorite ayisyen yo pran tout dispozisyon pou fè fas ak tanpèt twopikal la. Se konsa gouvènman pwovizwa a depeche nan vil Gonayiv Minis Agrikilti a, Joanas Gay, pou l kowòdone efò sekou yo.

Korespondan nou Alfred Jean devlope nouvèl sa a pou wè kijan sitiyasyon an prezante nan pwovens peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG