Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Emily Pa Menase Okenn Peyi Ankò


Tanpèt Twopikal Emily Pa Menase Okenn Peyi Ankò
Tanpèt Twopikal Emily Pa Menase Okenn Peyi Ankò

Espesyalis tan yo Ozetazini di sa ki rete nan tanpèt twopikal Emily ap deplase san danje sou lanmè aprè li fin vide gwo lapli sou Ayiti, Repiblik Dominikèn ak Bahamas.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an ki baze nan vil Miami, nan Eta Florid, di Emily tounen yon depresyon twopikal; donk li pa poze yon danje ankò pou okenn peyi. Tanpèt la pat janm devlope pou l pran dimansyon yon siklòn.

Men li te gen fòs ase pou l koze inondasyon nan Repiblik Dominikèn ak Ayiti; li touye omwen 4 moun sou pasaj li e li te fòse plizyè milye lòt kite zòn kote yo te rete a.

Porto Rico ak Bahamas te resevwa lapli tou. Emily se 5èm move tan ki pote yon non pou sezon siklonik 2011 la k ap fini nan mwa novanm nan.

XS
SM
MD
LG