Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Emili Menase Lil Dayiti: Alèt Wouj Pou Tout Depatman Ayisyen


Tanpèt Twopikal Emili Menase Lil Dayiti: Alèt Wouj Pou Tout Depatman Ayisyen
Tanpèt Twopikal Emili Menase Lil Dayiti: Alèt Wouj Pou Tout Depatman Ayisyen

Yon tanpèt ki fòme sou Oseyan Atlantik la, Emili, menase Repiblik Dominikèn, Ayiti ak kòt sid Eta Florid.

Direktè Sèvis Nasyonal Metewoloji Ayisyen an, Ronald Semelfort, fè konnen sistèm nan ap pote avèk li lapli ak van ki kapab fè dega nan plantasyon yo, pami bèt yo e nan anviwonnman an.

Emilie ap touche tè nan nuit madi swa pou leve mèkredi e li menase tout depatman peyi Dayiti.

Li kapab genyen move konsekans sou aktivite bato yo epi oblije responsab yo fèmen ayewopò peyi a a pati de mèkredi.

Misye Semelfort di genyen yon alèt wouj sou tout tèritwa nasyonal ayisyen an.

XS
SM
MD
LG