Accessibility links

Breaking News

Sware Gala Nan Washington Pou Rejyon Gransous nan Lagonav


Roots of Development, ak APDAG òganize mèkredi 9 mas 2011 lan yon sware pou ranmase lajan pou ede finanse kèk pwojè devlopman anfavè kominote Gransous la. Credit/Photo Ellie Van Houtte.
Roots of Development, ak APDAG òganize mèkredi 9 mas 2011 lan yon sware pou ranmase lajan pou ede finanse kèk pwojè devlopman anfavè kominote Gransous la. Credit/Photo Ellie Van Houtte.

Roots of Development, ak APDAG (Asosyasyon Peyizan Pou Devlopman ak Avansman Gransous sou zile Lagonav, Ayiti) òganize mèkredi 9 mas 2011 lan yon sware pou ranmase lajan pou ede finanse kèk pwojè devlopman anfavè kominote Gransous la.

Prezidan APDAG la, Stevenson Justin ak plizyè lòt gwo pèsonalite te asiste gala a, pami yo, senatè ameriken Mary L. Landrieu, reprezantan Eta Louisiane, k ap travay ak Ayiti e ka p swiv ak anpil enterè sitiyasyon an nan repiblik karibeyen an.

Senatè Mary L. Landrieu. Credit/Photo Ellie Van Houtte.
Senatè Mary L. Landrieu. Credit/Photo Ellie Van Houtte.

Senatè Ladrieu te pran lapawòl nan sware a pou l fè moun sonje Louisianne pa t ap egzizste jounen jodi a si se pa t pou Ayiti. Li te kontinye pou l di devosyon l pou pèp ayisyen an vini paske li rekonèt tribilasyon pèp lan ap sibi jounen jodi a paske se menm tribilasyon sa li te wè nan eta pa l la, an 2005, aprè pasaj siklòn Katrina ki te devaste vil Nouvèl Orleyan. E li reaffime detèminasyon l pou l kontinye travay e ede pèp ayisyen an.

Bò kote pa li, misye Stevenson remèsye Roots ak patnè li yo dèske yo te ede tabli system dlo potab la nan Gransous, konstwi 16 kay pèmanan pou 16 fanmi e distribye manje bay plis pase 800 moun aprè tranblemanntè 12 janvye a.

Credit/Photo Ellie Van Houtte.
Credit/Photo Ellie Van Houtte.



Ak anpil pasyon nan zyel e ak anpil kè kontan, Misye Stevenson te deklare travay la fèk kòmanse e ke misyon li te chwazi pou l ede moun pi pòv ap kontinye toutotan gen moun ki pòv ki egziste nan Lagonav ak nan Gransous.

Istwa Roots kòmanse nan lane 2005 lè direktè egzekitif oganizasyon an, Chad W. Bissonnette, te fè premye vwayaj li ann Ayiti pou l t al pase vakans. Sejou sa a te menen li nan Gransous kote kominote a ap viv san resous nesesè yo, tankou sistèm dlo potab, elektrisite, wout, edikasyon, kay ak swen sante.

Sitiyasyon moun Gransous ak detèminasyon yo pou chanjman nan kominote yo te pouse Bissonnette fè yon 2èm vwayaj ann Ayiti nan lane 2006.

Chad Bassinnette Direktè Egzekitif Roots of Development
Chad Bassinnette Direktè Egzekitif Roots of Development



An 2007, aprè plizyè vizit nan La Gonav ak anpil chita-tande ak manm kominote Gransous la pou yo tabli yon system dlo potab nan zòn nan. Bissonnette te fè pakèt li e al rete Gransous kote li aprann pale kreyòl e kòmanse travay ak kominote a.

Nan menm ane sa a, misye Bissonnette te deside fonde òganizasyon “Roots of Development”. Ant lane 2007 ak 2008, avèk èd kominote a ak 3 enjenyè ekwatoryen, yo enstale yon system ki pèmèt abitan jwenn bon dlo pou yo bwè e ki ede redui to maladi moun trape nan bwè move dlo ou nan dlo kowonpi tankou, dyare, malaria ak kolera elatriye.

Apre siksè premye pwojè sa a, Kominote a ak donatè entènasyonal yo te deside ogmante kolaborasyon yo e vini ak nouvo pwojè pou ede abitan nan zòn nan.

Credit/Photo Ellie Van Houtte.
Credit/Photo Ellie Van Houtte.



Pandan premye sejou li a, Chad te gen opòtinite rankontre ak Stevenson Justin, prezidan APDAG. APDAG se yon òganizasyon peyizan Gransous k ap ede moun pi pòv e ki bezwen anpil asistans.

APDAG pran nesans nan menm epòk ak Roots. Se Detèminasyon abitan yo pou chanjman ki pouse yo kreye òganizasyon an. Misye Stevenson se prezidan òganizasyon an, men lè moun rankontre avè l li, yo ka reyalize tousuit misye se kè APDAG.

Stevenson Justin Prezidan APDAG nan Gransous. Credit/Photo Ellie Van Houtte.
Stevenson Justin Prezidan APDAG nan Gransous. Credit/Photo Ellie Van Houtte.



Stevenson pa sispann viv pou ede kominote Gransous la e se avèk anpil plezi e ak bon kè l ap travay pou l wè pwogrè fèt. Lè Stevenson ap pale ou ka wè nan zyel pasyon ki anime l ak devosyon ki jwenn sous li nan angajman l pou aksyon imanitè l ap menen an.

Detèminasyon Stevenson menen l jis Washington, DC kote li te gen opòtinite patisipe nan sware sa a kote plizyè pèsonalite enpòtan te vinn montre sipò yo pou Ayiti.

XS
SM
MD
LG