Accessibility links

Breaking News

'Stupid' ak 'Fou': Kek Milyadè ap Babye pou Nouvo Plan Enpo Administrasyon Biden nan


Foto Achiv: PDG Tesla a Elon Musk pandan yon diskou nan vil Hawthorne, eta Kalifoni.
Foto Achiv: PDG Tesla a Elon Musk pandan yon diskou nan vil Hawthorne, eta Kalifoni.

Elon Musk pa kontan ditou. PDG Tesla a, ki gen on fotun pèsonèl ki prèske rive a $300 milya dola e ki fè l moun pi rich nan le mond antye - ap kritike plan Demokrat yo genyen pou yo mete enpo sou byen milyadè tankou l.

"Bliye sa," Musk deklare nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li. "Plan mwen se sèvi ak lajan'm pou transpòte l'imanite sou planèt Mas epi prezève limyè konsyans nou."

Ide dèyè enpo sa a se ke yo pral sèvi ak lajan enpo milyadè yo pou finanse pwogram politik enteryè Kongre a ap negosye. Li ta antrot vize konbat chanjman klima, epi etann pwogram swen sante yo.

Musk, ki depase sa pa gen lontan fondatè Amazon nan, Jeff Bezos kom moun ki pi rich nan le mond, ta dwe yon afè de $50 milya enpo anba nouvo plan an.

Misye lanse yon lòt tweet kote li babye byen babye pou di "Evantyèlman, yo pa gen lajan anko e se nan moman sa a yo vinn souwou."

XS
SM
MD
LG