Accessibility links

Breaking News

Mache Labous Anrejistre yon Ogmantasyon Malgre Kèk Preokipasyon


Moun kap travay nan mache labous la nan New York. (Foto: 26 mas 2018, AP/Richard Drew.)
Moun kap travay nan mache labous la nan New York. (Foto: 26 mas 2018, AP/Richard Drew.)

Mache labous yo sou planèt la anrejistre yon ogmantasyon tou piti, men situasyon an rete volatil akoz preokipasyon ki genyen komkwa Lachinn kapab lanse yon gè ekonomik ak Etazuni, apre desizyon prezidan Donald Trump te pran, semèn pase a, pou l ogmante tarif yo sou pwodui ann aliminyòm ak asye kap soti nan Lachinn.

A Desozyon Prezidan Trump la te pwovoke reyaksyon negatif nan Kongrè Etazini an ni bò kote Demokrat yo, ni bò kote Repibliken yo. Nan diskou prezidan an te fè nan okazyon an, li te pale klè pou l di rezondèt desizyon an se defans sekirite nasyonal peyi a.

Reyaksyon te soti nan peyi manm Inyon Ewòp la ki te anonse y ap pran dispozisyon pou yo reponn kifkif si Lèzetazini aplike desizyon Prezidan Trump anonse a; e youn nan premye pwodui ameriken yo vize se mosiklèt Harley Davidson, menm si minis komès Lèzetazini a, Wilbur Ross, te di sa pa t ap tèlman gen gwo konsekans sou ekonomi amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG