Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Donald Trump Revoke Prensipal Estratèj Lamezon Blanch la, Steve Bannon


Steve Bannon ki te jwe wòl chèf estratèj Lamezon Blanch la. Foto: 9 avril 2017.
Steve Bannon ki te jwe wòl chèf estratèj Lamezon Blanch la. Foto: 9 avril 2017.

Steve Bannon, se yon nonm ki te kontinye ap soulve gwo pawòl anpil pandan tout 6 mwa lidè ameriken an genyen sou pouvwa a.

Mesye Bannon jwenn kredi bò kote Repibliken yo pou wòl li te jwe nan ede lokatè Mezon Blanch la eli kòm Prezidan Lèzetazini. Sepandan, li te toujou nan yon chire-pit ak lòt gwo chabrak nan administrasyon Trump la ki gen biwo yo nan pòsyon lwès oubyen “West wing” Mezon Blanch la.

Chèf kabinè prezidansyèl la, John Kelly, ansanm ak Steve Bannon te dakò pou jounen vandredi 18 out la te dènye jou prensipal stratèj la nan pòs.

XS
SM
MD
LG