Accessibility links

Breaking News

Demonstrasyon Militè Kòmanse nan Kore di Sid


Demonstrasyon Militè Kòmanse nan Kore di Sid
Demonstrasyon Militè Kòmanse nan Kore di Sid

Kore di Sid ak Etazini kòmanse lendi 18 fevriye a a yon demonstrasyon militè nan moman gen anpil menas vanjans militè ki soti nan Kore di Nò.

Anviwon 200 mil sid koreyen ak 13 mil sòlda ameriken patisipe nan manèv militè sa a. Kore di Sid dekri manèv sa a kòm egzèsis woutinn li fè chak ane sou kesyon defans.

Sepandan Pyongyang deklare demonstrasyon sa a se yon pretèks pou fè yon envazyon nan Kore di Nò e li lanse yon pinga pou di l ap reponn ak tou fòs li e l ap fè kapital Kore di Sid la, Seoul , tounen yon “lanmè di fe”.

XS
SM
MD
LG