Accessibility links

Breaking News

Sou Sekretè deta Etazini Par Enterim Julie Chung Pale sou Fèt Drapo Ayisyen an ak Eleksyon yo


Bilding Department Deta
Bilding Department Deta

Madam Chung di nan okazyon fèt Drapo Ayisyen an, yon jou pou komemore kreyasyon drapo nasyonal peyi a, li raple ke Ayiti se yon nasyon ki gen yon kilti ki rich.

“Istwa Ayiti ak kilti li ki rich anpil se yon prèv kokenn fòs li ak pouvwa san limit li genyen.”

Madam Chung raple manm Diaspora Ayisyen yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe pou ede demokrasi ak ekonomi peyi d’Ayiti.

“Antanke pon vivan ki relye Etazini ak Ayiti, ou menm tou ou gen yon wòl enpòtan pou w jwe pou w fè tande vwa w yon fason pou amelyore epi ranfòse demokrasi a ak ekonomi an ann Ayiti. Ou ka fè tande vwa w pou w di ou kont vyolans, koripsyon ak enpinite. Lè gen abi pouvwa ki fèt, lè yo pase dwa moun anba pye, ou ka denonse sa.”

Sou Sekretè deta Etazini Par Enterim Julie Chung kontinye pou l di "sa fè lontan Etazini ap tann eleksyon lejislatif yo ki te dwe fèt an 2019 ann Ayiti."

Li di men konsekans reta sa a antrene.

“Yon pouvwa egzekitif ki pa gen okenn kontwòl sou li depi janvye 2020, etandone chanm depite a pa egziste ankò e pa gen ase senatè pou bay kowòm. Pa gen separasyon ant divès pouvwa yo e pa gen okenn mwayen pou yon branch gouvènman an mande yon lòt branch pou li rann kont."

Madam Chung fini pa di “sitiyasyon sa a depaman ak prensip fondamantal demokrasi ann Ayiti.”

XS
SM
MD
LG