Accessibility links

Breaking News

Somè Lidè Afrik Santral la Dwe Demare Jedi pou Chèche Yon Solisyon Nan Konfli Ame Repiblik Sant'rafik la


Rebèl ame mouvman islamis Seleka a nan Repiblik Santr'afrik
Rebèl ame mouvman islamis Seleka a nan Repiblik Santr'afrik
Dirijan afriken yo ap fè yon somè jodi a pou diskite sous sitiasyon an nan Repiblik Santrafik la kote batay depi koumansman mwa desanm nan deja touye plis pase yon milye kretyen-vivan. Kominote Eta Santrafiken yo ap reyini nan peyi Tchad, sou demann prezidan Michel Djotodia.

Misye Djotodia ale Tchad yè men yon pòtpawòl gouvènman an demanti yon deklarasyon ministè afè etranjè franse a ki di patisipan yo pral diskite pou konnen si misye Djotodia ta dwe rete sou pouvwa a.
Lidè Santrafriken an te rive sou pouvwa a apre rebèl mouvman Seleka a yo--pifò se mizilman--te kapote prezidan François Bozize nan mwa mas ane pase.

Yon pòtpawòl Nasyonzini di Konsèy Sekirite-a “sitiasyon an nan Strafrik kapab pwovoke yon katastwòf imanitè”.
Jeffrey Feltman se sousekretè jeneral Afè politik nan l’Onu. Misye Feltman di dapre dènye enfòmasyon l'Onu dispoze, genyen anviwon 2 milyon 200 mil moun nan Repiblik Santrafik ki bezwen asistans imanitè---swa preske mwatye popilasyon peyi a. Li kontinye pou l yon abitan sou 2 nan Bangui, kapital la, al chèche refij lòt kote; yo estime kantite a ka rive nan 513 mil sou 100 mil kap viv nan yon site tant nan ayewopò-a.

Vyolans lan nan Bangui jennen asistans sekouris yo ap pote bay plizyè milye sivil konfli a deplase e pouse al viv nan kan ki alantou ayewopò a.
Ajans Nasyonzini pou timoun yo, Unicef, di li bezwen 64 milyon dola ane sa a pou l ka pote asistans imanitè a; men jiskaprezan, se sèlman yon tyè nan lajan sa a ki disponib.
XS
SM
MD
LG