Chomaj nan le mond antye, ekonomi k ap mache o ralanti ak gwo kesyon dèt lidè G-20 yo pral konfwonte nan moman yo reyini semèn sa a nan peyi la Frans pou yo chache solisyon pou pwoblèm ekonomik yo.
G-20 an reprezante 20 ekonomi ki pi enpòtan nan lemond antye e li reprezante tou pifò popilasyon mondyal la.
Somè Gwoup 20 peyi endistriyalize ak peyi kap moute yo ap kòmanse ofisyèlman jedi 3 novanm 2011 la nan vil Cannes nan peyi la Frans.