Accessibility links

Breaking News

Siri: Operasyon Sere-Boulon Mòtel la ap Kontinye


Siri: Operasyon Sere-Boulon Mòtel la ap Kontinye
Siri: Operasyon Sere-Boulon Mòtel la ap Kontinye

Nan peyi Siri, sòlda gouvènman an kontinye operasyon sere-boulon mòtel li yo kont fòs opozisyon an lavèy vizit anvwaye espesyal Lig Arab la pou Siri, Kofi Annan, ki li menm lanse yon apèl pou yon solisyon politik nan kriz ki la depi yon lane.

Pandan ansyen chèf l’ONU an te pran lawòl nan yon vizit nan vil Lekèr an Ejip , li deklare: "sèvi ak fòs ki soti deyò pou rezoud kriz nan Siri a se ta yon move kalkil ki ka gen repèkisyon sou tout rejyon an."

Mesye Annan di: "mwen espere ke pèsonn pa panse seryezman pou itilize yon lòt fòs nan sitiasyon sa a. Mwen panse , nenpòt lòt fòs militè tap ran situsyon pi mangon men ankò. Nou fèt pounn pran prekosyon pou nou pa vini ak yon medikaman ki pi grav pase maladi a. E nou pa bezwen ale twò nan rejyon an pounn jwenn yon egzanmp sou sa map pale la a."

Mesye Koffi Annan fè kòmantè sa yo apre li soti nan yon reyinyon ak Sekretè-Jeneral Lib Arab la, Nabil Elaraby. Manm nan opozisyon siryèn nan rejte apèl ansyen Sekretè Jeneral nasyon Zini an ki mande pou yo angaje dyalòg ak gouvènman Prezidan Bashar al-Assad.

Yon lòt kote, obsèvatwa siryen pou dwa moun nan di sòlda gouvènman an pilonnen vilaj ki nan nòdwès pwovens Idlib la nan yon tantativ pou kwape sòlda ki fè defeksyon yo e ki konnye a al nan Lame Lib Siryen an .

XS
SM
MD
LG