Accessibility links

Breaking News

Yon Eklips Total nan Kèk Zòn ak Pasyèl nan Kèk Lòt Pase nan Syèl Plizyè Peyi nan Amerik la


Eklips solè a pase a 81 pousan nan Washington, D.C, lendi 21 out 2017 la. (Foto:Diaa Bekheet/VOA)
Eklips solè a pase a 81 pousan nan Washington, D.C, lendi 21 out 2017 la. (Foto:Diaa Bekheet/VOA)

Syèl nan peyi Dayiti, Lèzetazini ak plizyè lòt peyi nan amerik la te vin tou nwa pandan pasaj yon eklips solè nan mitan jounen 21 out 2017 la soti depi nan midi pou rive vè 4 trè aprè midi.

Lalin nan te pase ant solèy la ak planet tè a, e sa te kreye yon Eklips Solè, moun te kapab obsève nan anviwon 10 eta Ozetazini. Ann ayiti, moun nan plizyè depatman te wè pasaj eklips la ki te pasyèl e ki te dire yon ti bout tan tou kout.

Sepandan, gouvènman ayisyen an te lanse yon kanpay sansibilizasyon depi semèn pase a pou l mande popilasyon an pa gade solèy la pandan pasaj eklips la. Lòt peyi nan rejyon Karayib la te viv moman fè nwa gwo jounen sa a tou. Daprè ajans nouvèl AP sa gen 99 lane anviwon depi yon evenman konsa te rive nan syèl la Ozetazini. Moun te obsève pasaj yon eklips solè pasyèl an Ayiti nan lane 1998.

Eklips solè lendi a te kreye yon gwo lonbraj nan Oregon, wès Etazini lè lalin nan te travèse ant planet tè a ak solèy la. Yon ekspè nan domèn Jewoloji, Jocelin David ki baze nan Miami te dekonseye moun gade eklips la si yo pa gen bon jan enfòmasyon sou ki linèt yo kab itilize.

XS
SM
MD
LG