Accessibility links

Breaking News

Eklips Solè 2017; Kijan pou Moun Gade Solèy la san ou Pa Gate Zye yo


Kijan ou Kapab Pwoteje Je w Pandan Eklips Solè Lendi 21 Out 2017 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:18 0:00

Yon eklips solè rive lè lalin nan pase ant planèt tè a ak solèy la kote lonbraj lalin nan konn lakoz yon gwo fènwa.

Syèl nan peyi Dayiti, Lèzetazini ak plizyè lòt peyi nan amerik la pral vin tou nwa pandan pasaj yon eklips solè nan mitan jounen 21 out 2017 la soti depi nan midi pou rive vè 4 trè aprè midi.

Lalin nan pral pase ant solèy la ak planet tè a, e sa pral kreye yon Eklips Solè, moun pral kapab obsève nan anviwon 10 eta Ozetazini. Ann ayiti, moun nan plizyè depatman pral wè pasaj eklips la ke yo prevwa ki pral dire yon ti bout tan tou kout.

Sepandan, gouvènman Ayisyen an lanse yon kanpay sansibilizasyon depi semèn pase a pou l mande popilasyon an pa gade solèy la pandan pasaj eklips la. Lòt peyi nan rejyon Karayib la pral viv moman fè nwa gwo jounen sa a tou. Daprè ajans nouvèl AP sa gen 99 lane anviwon depi yon evenman konsa te rive. Moun te obsève pasaj yon eklips solè pasyèl an Ayiti nan lane 1998.

Eklips solè lendi a pral kreye yon gwo lonbraj, lè lalin nan va travèse ant planet tè a ak solèy la. Selon ekspè nan domèn la syans yo, fwa sa moun pral wè yon total eklips solè, kidonk, lalin nan pral bare solèy la nèt pou yon ti bout tan pandan lap pase a, sa ki pral lakoz yon fè nwa total nan zòn mansyone yo.

Anpil moun deja anvizaje achete linèt espesyal ki pi fò pase linèt solèy pou yo al kale je gade nan direksyon syèl la, yon bagay Enjenyè Jewològ Jocelin David ki baze nan Miami dekonseye moun fè si yo pa gen bon jan enfòmasyon sou ki linèt yo kab itilize.

Antouka, prekosyon pa kapon e lagè vèti pa tiye kokobe. Pou w konnen kòman ou kapab gade epi pwoteje je w, e pou w pa tonbe avèg apre eklips solè a, klike sou videyo a ki anlè tèks la pou w tande konsèy, ak mezi prekosyon, espesyalis nan domèn syantifik Jocelin David, pataje nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik. Enjenyè Jewològ Jocelin David te reponn kesyon jounalis VOA Jean Pierre Leroy.

Lòt enfòmasyon enpòtan:

Daprè la NASA, linèt espesyal moun ka itilize pou gade eklips solè a se linèt ki gen nimewo sekirite sa a : ISO 12312-2.

Klike sou lyen an ki anba tèks la pou konnen ki kote ou kapab achte linèt espesyal pou gade eklips solè a Ozetazini ak sou entènèt.

Lyen: https://eclipse.aas.org/resources/solar-filters

XS
SM
MD
LG