Accessibility links

Breaking News

Sitwayen Nan Kyrgyzstan Apwouve Nouvo Konstitisyon An


Nan Kyrgyzstan, obsevatè entènasyonal yo bat bravo pou referandom ki dewoule dimanch 27 jen an --referendòm yo konsidere kòm yon vòt transparan apre elektè yo fin apwouve avèk yon gwo majorite yon nouvo konstitisyon ki pral redwi sou pouvwa prezidans la e bay palman eli plis otorite.

Responsab elektoral yo di lendi 28 jen an, apre preske yo finn konte preske tout vòt yo, plis pase 90% elektè ki lage bilten nan referandòm nasyonal la apwouve nouvo konstitusyon an.

Apeprè 70 pousan nan plis ke 2 milyon elektè ki te gen dwa vote yo ki te patisipe nan referandòm nan.

XS
SM
MD
LG