WASHINGTON/PÒTOPRENS - Dan Whitman, yon ansyen fonksyonè nan Sèvis Etranje Lèzetazini e yon ansyen anplwaye Depatman Deta, fè konnen li pa gen okenn enplikasyon nan koudeta echwe ki t ap fet ann Ayiti dimanch pase a. Nan yon entèvyou M. Whitman bay Lavwadlamerik pa telefòn lendi 8 fevriye a, li deklare: “Mwen pa konnen kiyès k ap simaye pawòl sa a ni poukisa. Mwen pa janm rankontre ak moun an kesyon yo, ni tande pale de yo –e mwen pa konnen poukisa moun ap sèvi avèk non m nan bagay sa a.”
Misye Whitman, k ap anseye aktyèlman nan Fakilte Sèvis Entènasyonal nan American Univesity nan Washington D.C., parèt sou yon video ke Sèvis Espyonaj Ayisyen an te distribiye bay manm laprès dimanch 7 fevrieye a. Anba yon foto pwofesè a moun kapab li lejann sa a: “Ansyen manm Depatman Deta” ki, daprè video a, se prensipal masterbrenn konplo ki t ap fèt pou ranvèse Prezidan Jovenel Moise avèk asistans kèk ofisye nan Polis Nasyonal la.
Dan Whitman te travay nan Depatman Deta ant 1985 e 2009 epi li ekri yon liv sou Ayiti ki gen pou tit “A Haiti Chronicle: The Undoing of a Latent Democracy," oubyen an Kreyòl “Yon Kwonik sou Ayiti: Kijan yo Defèt yon Demokrati K ap Dòmi,” -liv li te pibliye an 2004. Pwofesè a pale fransè kouraman e li te kapab di kèk mo an Kreyòl pandan entèvyou li bay Lavwadlamerik la.
Lè jounalis Sandra D. Lemaire, k ap travay pou sal dè nouvèl VOA a, te mande l poukisa li parèt sou video ki sikile Ayiti a, li reponn: “Mwen pa wè video a; se tande m tande pale de li.” Konsènan kesyon pou konnen si li te ann Ayiti dimanch 7 fevriye a oubyen nan kou ki fèk pase yo, li deklare: “Mwen te kite peyi sa a sa gen 20 tan e m poko janm retounen.”
M. Witman di VOA li pa kontan ditou dèske yo mele non li nan yon tantativ koudeta echwe. Lavwadlamerik mande Depatman Deta fè kèk deklarasyon sou video ki enplike yon ansyen anplwaye li nan evennman resan yo ann Ayiti. Yon pòtpawòl reponn: “Nou genyen yon anbasad ki konpetan ak yon anbasadè nan Pòtoprens. Tankou ou konnen, nou pa pale de zafè ki konsène sitwayen ameriken prive si yo pa ban nou konsantman yo pou sa.”