Popilasyon k ap viv nan yon sant debèjman nan kapital Pòtoprens mande entèvansyon otorite yo nan moman pwopriyetè teren kote y ap viv la menase pou deloje yo.
Vrèman vre, 7 mwa apre tranblemanntè 12 janvye a, anpil viktim trajedi a ki te pedi kay yo e ki t al viv nan abri pwovizwa tankou teren vid, bilding ki pa abite, stad, lakou legliz, elatriye, twouve yo devan yon reyalite difisil kote yo oblije al chache yon lòt kote pou yo rete.
Korespondan nou nan Pòtoprens konstate reyalite sa a anpil kote nan anpil kan kote mèt teren yo mande lokatè yo ba yo pwopriyete yo. Nan kèk ka menm, viktim tranblemanntè yo paka fè anyen kont desizyon pwopriyetè yo pran pou jete afè yo nan lari e fòse yo pati.
Sa fè yo viktim 2 fwa move sitiyasyon ki ekziste jounen jodi a ann Ayiti. Yo lage blam nan sou do gouvènman an ki, aprè 7 mwa, pa rive fè anyen pou amelyore sitiyasyon yo.
Se konsa tou nan vil Hinche, yon militan k ap defann dwa moun kritike gouvènman an poutèt li pa pote ameliorasyon nan sitiyasyon viktim tranblemanntè 12 janvye a. Militan sa a anonse posibilite pou pèp la leve kanpe kont otorite yo si anyen pa fèt pou ede yo chanje vi yo.
Menm apèl sa a an favè viktim tranblemanntè a sòti bò kote yon gwoup jèn k ap etidye sou Il La Gonav.
Nan Gonayiv, jèn te sòti tout kote nan Depatman Latibonit la pou make jounen entènasyonal jenès la jedi 12 out 2010 la.
Nan Mirebalais, Pati Popilè pou Renouvo Ayiti lanse apèl pou l mande serye ak rijidite nan travay KEP a ap fè pou l detèmine kalifikasyon kandida ki soumèt dosye yo pou yo patisipe nan pwochen eleksyon yo.
Nan Ti Gwav, minis jistis la, Carl Denis, ki vizite vil la jedi 12 out la, anonse popilasyon lokal la responsab yo pral pote amelirasyon nan fonksyonman sistèm jistis la. Li pwomèt depatman l ap dirije a pral rebati Palè Jistis Ti Gwav la e li pral repare prizon lokal la.
Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 13 out 2010 la