Accessibility links

Breaking News

Yon Koudèy sou Sistèm Sante Piiblik Ameriken an Pandan Peryòd Kowonaviris la


Yon ekip travayè lasante, ki mete sou yo aparèy respiratwa pou pwoteje yo, anvan yo antre nan chanm yon malad KOVID-19 kt t ap resevwa swen entansif nan Sant Medikal Harborview, nan Seattle. Eta Washington. (Foto Achiv).
Yon ekip travayè lasante, ki mete sou yo aparèy respiratwa pou pwoteje yo, anvan yo antre nan chanm yon malad KOVID-19 kt t ap resevwa swen entansif nan Sant Medikal Harborview, nan Seattle. Eta Washington. (Foto Achiv).

Sa gen plizyè dizèn dane deja depi sistèm sante piblik ameriken an gen pwoblèm e li manke resous ki nesesè pou l konfwonte pi gwo kriz sante ki poze Ozetazini depi yon peryòd 100 tan. Jounen jodi a sistèm nan ap fè fas avèk yon viris ki rann omwens 2 milyon 600 mil moun malad, ki touye plis pase 126 mil lòt e ki lage plizyè dizèn milyon moun nan chomaj, tandiske li oblije gouvènman federal la vini ak pwogram sovtaj ekonomik ki koute 3 trilyon dola (swa 3 mil milyon dola).

Malgre tou sa, travayè lasante yo nan nivo gouvènman eta yo ak gouvènman lokal yo ki sou teren an tèlman pa touche ase, pafwa yo kalifye pou yo resevwa asistans piblik. Se moun yo ki gen plizyè mwa depi y ap travay 7 jou sou 7; yo pè pou yo pa jwenn ogmantasyon; yo pè tou pou yo pa trape maladi KOVID-19 la tèlman yo ekspoze anba viris ki bay li a, alòske posiblite pou yo pèdi travay yo se yon epe Damoklès ki pa sispann pandye sou tèt yo.

Depi ane 2010 depansotorite eta yo te konn fè pou depatman sante piblik lakay yo sibi yon bès 16% per capita tandiske bès ki fèt nan depans otorite lokal yo te konn fè nan menm domèn nan se yon afè de 18%, daprè yon analiz òganizasyon KHN fè ansanm avèk ajans nouvel Associated Press sou depans leta fè nan domèn sante piblik la Ozetazini. Gen omwens 38 mil job nan nivo gouvènman eta yo ak gouvènman lokal yo ki disparèt depi resesyon 2008 la; sa ki kite dèyè yon anbriyon fòs travay nan plas sa ki te reprezante, yon lè, youn nan pi bon sistèm sante piblik nan lemond.

XS
SM
MD
LG