Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Ameriken an ann Ayiti, Michèle Sison, Pwononse L sou Kriz Politik la nan Peyi a


Anbasadè Etazini ann Ayiti, Michèle J. Sison.

Chèf misyon diplomatik Lèzetazini an nan Pòtoprens, Michèle Sison, bay Lavwadlamerik yon entèvyou, vandredi 12 fevriye 2021 an, sou pozisyon administrasyon Biden nan konsènan evolisyon sitiyasyon an nan Peyi d Ayiti. Abasadè Sison, ki di sitiyasyon sa a bay Washington anpil prekipasyon, reponn kesyon Jean Robert Philipppe. Men kèk ekstrè echanj kesyon-repons ki nan entèvyou sa a.

K.- Madame l’Ambassadrice Michèle Sison, actuellement Haiti traverse une crise. Par exemple, le gouvernement vient d’envoyer à la retraite 3 juges de la Cour de Cassassion. Est-ce que vous avez une position concernant cette action du gourvernement, étant donné que cela arrive après que les autorités nous avaient fait comprendre que le gouvernement venait de déjouer un coup d’état contre le Président Moise?

R. Bonjour Jean Robert, bonjour a tout zanmi Lavwadlamerik yo. Anbasad Lèzetazini an nan Pòtoprens ap suiv evennman yo k ap pase ann Ayiti yo de prè. Evidaman, Etazini se zanmi Ayiti. Nou travay an favè pèp ayisyen an; nou travay an favè stabilite politik ak stabilite ekonomik ann Ayiti. Nou konsantre nou sou bon gouvènans, pwoteksyon dwa moun, droit de la personne, ak pwomosyon kwasans ekonomik.Mwen vle aussi konfime ankò le role essentiel sosyete sivil la genyen pou l jwe. Alò, wi, nou te wè yon arete ki te pibliye 8 fevriye e ki te bay 3 jij Kou Kasasyon an retret yo. Nou gen gwo enkyetid sou aksyon ki riske deranje enstisyon demokratik yo ki nan peyi d Ayiti. Kounyela a ekspè yo ap egzamine arete sila a pou konnen èske li konfòm ak konstitisyon an ansanm avèk lwa ayisyen yo.

K. - Madam l' Ambassadrice, ki fason Etazini, li menm, kapab ede aktè ki an konfli yo (n ap pale de gouvènman an, ou Prezidan Jovenel Moise, ak opozisyon an), èske gen yon fason Lèzetazini kapab entèveni pou l ede rezoud kriz sa a?

Rep.- Alò, Jean Robert, sa k kontinye twouble nou se gouvènans pa dekrè, gouvenans pa dekrè presidansyèl ki gen ann Ayiti pandan yon peryòd ki pa nòmal e k ap dire. Nou travay de concert avek patnè nou yo nan kominote entènasyonnal la, tankou l’ONU, tankou Oganizasyon Eta Ameriken (OEA)…. pou n pouse gouvènman ayisyen an nan yon kwen. Enkyetid nou genyen se le fèt ke gouvènman ap sèvi pa dekrè pandan peryòd sa a kote pa gen palman… Sèl bagay, sèl bagay ki ka mete yon fen nan gouvènans pa dekre sa a, se l’organizason des élections législatives ki lib e ke Ayiti genyen yon palman, yon palman ki kapab pran plas li dwe genyen anndan yon demokrasi. Pèp ayisye an ta dwe gen pouvwa pou l vote pou pwòp dirijan l ak pwòp reprezantan l. Et c’est ça la solution à cette crise, à mon avis, Jean Robert.

Yon manifestan ayisyen avèk yon drapo nan okazyon yon pwotestasyon pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moise. (Foto Dosye).
Yon manifestan ayisyen avèk yon drapo nan okazyon yon pwotestasyon pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moise. (Foto Dosye).

K.- Madame l’Ambassadrice, puiske w ap pale m de eleksyon, nou konen ke opozisyon an, li menm, di ke li pa kapab ale nan eleksyon premyèman avèk Prezidan Jovenel Moise yo di ke manda l fini depi le 7 fevriye 2021; ansuit Konsèy Elektoral Pwovizwa a, li menm, ke yo dekriye paske li pa t fèt de fason legal. Kijan Etazini kapab sipòte yon eleksyon ak yon konsèy elektoral ki dekriye? E ansuit konsèy elektotal sa a… opozisyon an pa vle ale nan eleksyon avèk li?

R. Jean Robert, Prezidan Biden ak Sekretè Deta Blinken te di demokrasi ak droit de l’homme, droit de la personne genyen yon pozisyon santral nan politik etranjè Lèzetazini. Sa se klè. Alors, tankou m te di, nou genyen gwo enkyetid sou nenpòt kèl aksyon ki riske deranje enstitisyon demokratik yo ki nan Peyi d Ayiti.

NB.-Anbasadè Sison te pale tou de kalte sèvis konsila ameriken an nan Ayiti kontinye bay.

Anbasadè Sison: "Gen anpil moun ki panse ke notre section consulaire est fermée. Mwen vle di ke seksyon consulaire la ouvri, li pa fèmen. Nou bay sitwayen ameriken yo sèvis e nou bay randevou pou paspò ameriken. Nou pran angajman pou nou satisfè bezwen sitwayen ameriken yo tout pandan n ap pwoteje sante anplwaye nou yo ak sante kliyan consulaire nou yo. Malgre pandemi KOVID-19 la, nou ede sitwayen ameriken ki an detrès yo. Nou vizite sitwayen ki nan prizon yo, e nou fasilite vwayaj konsènan ayisyen yo pou y al jwenn fanmi ameriken k ap adopte yo Ozetazini. Alors, n ap bezwen kite tan pase avan nou relouvri sèvis pou viza abityèl yo. Men, toutefois, nou kontan bay sèvis viza ki limite, tankou ka priyorite: ka priyorite medikal, imanitè, ka priyorite tankou etidyan yo aussi. Nou konnen kijan vwayaj se yon bagay ki enpòtan nan relasyon ant Etazini ak Ayiti. Alos, n ap ankouraje moun pou yo vizite sit entènèt anbasad Etazini an regilyèman pou n ka gen mizajou sou sèvis sa yo ak lòt sèvis konsilè.”

00000000000000000000000000000000000000000000000000000

Sete yon kèk ekstrè nan yon entèvyou anbasadè ameriken an nan Pòtoprens, Michèle Sison, bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerike la. Li reponn kesyon Jean-Robert Philippe.

XS
SM
MD
LG