Militan yo di sòlda ak tank antre nan yon vilaj nan Siri ki tou prè fwontyè peyi a ak Tiki nan moman diplomat Inyon Ewòp la pare pou yo elaji kad sanksyon yo pran kont Siri yo.
Temwen fè konnen nan jounen jedi 22 jen 2011 la, sòlda antre nan vilaj Khirbet al-Jouz pou yo kontinye operasyon sere-boulon gouvènman an lanse pou l mache pran responsab yon mouvman leve-kanpe ki te fèt pou mande demokrasi nan Siri.
Mouvman leve kanpe sa a te kòmanse nan mwa mas pase a. Gouvènman peyi Tiki moute plizyè tant sou kote pa li bò fwontyè a pou l ofri azil ak pwoteksyon pou 10 mil siryen ki kouri kite peyi yo pou yo chape anba zak vyolans yo.