Rido a tonbe sou rèv fanatik brezilyen yo apre la Oland elimine Brezil nan kar de final koup dimond la sou yon skò 2 a 1. Robino te louvri skò a nan premye mitan an epi Olandè yo make 2 gòl pandan 2èm mitan an.
Olandè yo pral rankontre nan semi final la avèk venkè lòt match ka de final la ki pral dewoule pita nan jounen an e k ap mete fas a fas reprezantan kontinan afriken an, Gana, ak Irigwe. Se abit Pòtigè Olegario Benquerenca k ap dirije rankont la.
Kar de final la pral rapouswiv Samdi 3 jiyè a kote Arjantin ap rankontre Almay, epi Lespay pral fè fas ak Paragwe.
La Oland ak Irigwe ap rankontre nan semi final koup dimond Afrik di Sid la apre viktwa yo ranpòte nan kar de final la vandredi 2 jiyè a. Ganeyen yo rate chans pou yo te ranpòte rankont la apre numewo 3 a mete deyò yon penalite nan fen pwolongasyon an. Irigweyen yo ranpòte rankont la sou tir de penalite 4 a 2-yon rankont ki te chaje anpil sispenn ak pasyon.