Accessibility links

Breaking News

Sispens la Ap Kontinye Pou Mondyal Afrik di Sid la


Sispens la Ap Kontinye Pou Mondyal Afrik di Sid la
Sispens la Ap Kontinye Pou Mondyal Afrik di Sid la

Urugwe ak Meksik kalifye pou 8tyèm de final koup dimond Afrik di Sid la. Urugwyen yo kale Meksik 1 a 0 pou yo fini an premyè pozisyon nan gwoup A a ak 7 pwen. Sipriz nan gwoup sa a: Afrik di Sid kale la Frans 2 a 1 pou yo fini an twazyèm pozisyon ak 4 pwen epi la Frans fini nan ke kamyonèt la ak 1 pwen. Se premye fwa nan istwa yon koup dimond òganizatè konpetisyon an elimine depi nan premye tou a.

Nan gwoup B a, Arjantin gen yon pye l pou faz dechoukaj la. Sityasyon an kapab konplike si Arjanten yo tonbe devan la Grès epi Kore di Sid kale Nijerya. Sa pral vle di 3 ekip ap fini ak 6 pwen yo chak. Kantite gòl yon seleksyon make epi resevwa pral fè yon diferans. Match sa yo ap jwe pita nan jounen an. Pou Madi 22 jen an 8 seleksyon yo dèyè 4 plas ki disponib pou 8 tièm final la. Urugwe ak Meksik déjà jwen tikè pa yo.

Mèkredi 23 jen an se pral tou pa seleksyon nan gwoup C ak D a. Anyen poko deside nan 2 gwoup sa yo. Nan Gwoup C a Sloveni klase an premyè pozisyon ak 4 pwen devan Etazini ki gen 2 pwen ansanm ak Angletè epi Aljeri gen yon pwen.

Sityasyon an poko klè pou Etazini ki poko kapab dijere gòl abit Malyen Koman Koulibaly te refize yo nan fen rankont Sloveni an --yon gòl ki tap pèmèt yo kale Sloveni epi pran tèt gwoup la. Etazini kapab kalifye pou 8 tyèm de final la si yo kale Aljeri epi Angletè swa kale ou byen fè yon match nil ak Sloveni.

Nan gwoup D a se menm sitiyasyon an kote Gana ap domine gwoup la ak 4 pwen devan Almay epi Sèbi ki gen 3 pwen yo chak. Nan rankont Mèkredi 23 jen an, Gana kapab kalifye si l kale ou byen fè match nil ak Almay pou Sèbi kale Ostrali. Sa pral vle di Almay ap elimine. Yon viktwa Sèbi kont Ostrali epi yon viktwa Almay kont Gana ap pèmèt alman yo kalifye epi dezyèm plas la ap an diskisyon ant Gana ak Ostrali. Menm sitiyasyon an si Sèbi fè match nil ak Ostrali. 4 plas pou 8tyèm de final la toujou an je nan gwoup D a ak gwoup C a.

XS
SM
MD
LG