Isit Ozetazini, konpayi petwòl BP (ou British Petroleum) fè konnen dènye mannèv li fè pou l bouche yon fuit nan yon pui petwòl li genyen nan Gò̈lf Meksik la, se yon veritab siksè jiskaprezan. Konpayi an fè parèt yon deklarasyon sou dosye sa a byen bonè mèkredi 4 jiyè 2010 la yon jou aprè li te kòmanse sa li rele “yon operasyon pou l elimine fuit la totalman.” Youn nan teknik yo itilize nan operasyon sa a, se ponpe anpil labou anndan pui a, epi si sa te nesesè, yo gen pou simante l yon fason pèmanan.
Sepandan, daprè espesyalis yo, ekip k ap travay nan egzekisyon oparasyon an dwe fèt atansyon pou labou a pa ogmante presyon an anndan pui a epi domaje materyèl ki te sèvi pou konstwi l la. Vis prezidan konpayi a, Kent Wells, fè konnen enjenyè yo pral gen pou pran anpil prekosyon pandan y ap avanse ak travay la nan jou k ap vini la yo.
"Nou fèt pou swiv operasyon an pandan l ap avanse. Se poutèt sa nou pale pou di se yon bagay ki kapab dire ant kèk èdtan e 2 jou. Li difisil pou w lonje dwèt ou sou yon pwoblèm kèlkonk ki kapab poze. Li twò bonè dayè, puiske operasyon an fèk kòmanse. Li pa posib ditou pou n di sa k ka rive."
Misye Wells kontinye pou l di, teknisyen yo pral obsève fason pui a konpòte l lè yo fini ak premye faz operasyon an (ki se vide labou anndan pui a), anvan pou yo konnen kijan po yo avanse, sètadi eske yo ka pase nan 2èm faz la ki se simante pui an nèt.
Msye Wells fè konnen: “Daprè jan tout bagay mache, nou va deside ki mwayen ki pi bon pou n kontinye e pase nan faz kote nou gen pou n simante pui a pou n elimine fuit la totalman."
Daprè kalkil espesyalis ameriken yo, fuit ki gen nan pui petwòl la lage preske 5 milyon dwoum gaz nan Gölf Meksik la –sa fè fuit sa a tounen aksidan ki lage pi gwo kantite gaz nan lanmè nan tout listwa dimond.