Siklòn Irèn pèdi fòs pandan l ap avanse sou Zile Bahamas yo, aprè li te fin travèse zile britanik Turks & Caicos. Konnye a li menase kot ès Lèzetazini. Nan dènye bilten Sant Nasyonal Ouragan ameriken an, ki gen baz li nan Miami, pibliye nan matine mèkredi 24 out 2011 la, li di Irèn twouve l sou yon distans 655 kilomèt o sid-ès Nassau, Bahamas, pandan li mete tèt li sou direksyon Wès-Nòdwès avèk van k ap soufle a 155 kilomèt alè.
Siklòn nan pase sou Turk & Caicos nan jounen madi a. Nan 3 zan Irèn se premye siklòn ki menase seryezman Lèzetazini e li kapab gen move konsekans sou tout zòn ki sòti nan Eta Florid pou rive nan rejyon Nouvèl Angletè.
Pou sa ki konsène peyi Dayiti, otorite yo leve « alèt wouj » la aprè Irèn fin kite pati nò peyi a kote li lage gwo lapli, sòti nan Depatman Nò-dès pou rive nan Depatman Nò-dwès. Sepandan, Biwo Pwoteksyon Sivil lanse yon avètisman kote li mande popilasyon an kontinye rete vijilan e pran prekosyon, paske toujou genyen chans pou peyi a resevwa gwo lapli e pou lapli sa a pwovoke inondasyon nan kèk rejyon. Yon entèdiksyon ki anpeche bato pran lanmè toujou valad pou kòt nò peyi a.