Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Ap Vizite Zòn Sinistre yo Apre Pasaj Siklòn Florans


Prezidan Trump ki te fèk rive nan baz ayeryèn Cherry Point, nan Kawolin di Nò, nan kòmansman yon vizit pou l ankouraje travay k ap fèt pou ede sinistre yo epi rankontre ak kèk viktim.
Prezidan Trump ki te fèk rive nan baz ayeryèn Cherry Point, nan Kawolin di Nò, nan kòmansman yon vizit pou l ankouraje travay k ap fèt pou ede sinistre yo epi rankontre ak kèk viktim.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ale nan Kawolin di Nò ak Kawolin di Sid pou l vizite fanmi moun ki viktim Siklòn Florans yo. Li fè deplasman an avèk plizyè mannm kabinè li a pou yon konsta dirèk sou jan sitiyasyon an ye an jeneral e sou sa k ap fèt pou soulaje soufrans sinistre yo.

Pami ofisyèl ki akonpaye Prezidan Trump yo genyen Minis Sekirite Enteryè a, Kirstjen Nielsen, avèk Brock Long, administratè FEMA a (Ajans Federal pou Sekou an Ka Dijans la). Pami manm yon panèl ki te pran lapawòl nan yon rankont ki dewoule nan okazyon an, te genyen gouvènè Eta Kawolin di Nò a, Roy Cooper.

Gouvènè Cooper di Kawolin di Nò abitye sibi anba siklòn deja; men li pa t janm sibi dezas tèrib tankou sa Siklòn Florans koze pandan pasaj li sou Eta a. Daprè li travay pou rekonstwi lavi viktim yo fèk kòmanse. Prezidan an pwomèt leta federal ap akonpaye viktim yo 100 pou 100

Otorite yo konprann ke efò pou repare dega move tan an pwovoke yo pral koute anpil lajan; e pandan vizit prezidan Trump la, li pwomèt gouvènman an pa p evite okenn efò pou l kore travay sa a. Dènye nouvèl yo di Siklòn Florans koze lanmò 36 moun nan 2 Kawolin yo

XS
SM
MD
LG