Gouvènman pakistanè a aksepte resevwa nan men peyi Lend 5milyon dola kòm èd pou konbat konsekans inondasyon ki frape Pakistan; minis afè etranjè pakistanè a, Shah Mehmood Qureshi, di jès sa a “se yon inisyativ li byen akeyi” nan moman 2 peyi yo ap chache amelyore realsyon yo ki deteryore.
Lèzetazini te ankouraje Pakistan pou l aksepte asistans Lend la e pa kite yon rivalite bloke asistans pou 20 milyon pakistanè k ap sibi move konsekans inondasyon ki pi tèrib ki rive nan tout istwa peyi a. Toujou sou dosye inondasyon an nan Pakistan, Sekretè Jeneral L'ONU an, Ban Ki-moon, ap ankouraje kominote entènasyonal la pou l montre gwo jenewosite e voye èd bay peyi sa a.
Nan yon seyans ki dewoule nan Asanble Jeneral L'ONU tout eksprè jedi 19 out 2010 la sou sitiyasyon an nan Pakistan, Misye Ban pale de yon vizit li te fè nan zòn sinistre yo dimanch pase a; li di plis lajan nesesè pou yo voye asistans dijans imedyatman; e nan asistans sa a genyen manje, abri ak swen santé.
Misye Ban di: "Vilaj apre vilaj, dlo pote tout bagay ale. Wout, pon, kay, sa detrui nèt. Pwodui rekòlt ak tout sa moun yo te gen pou yo viv, sa elimine nèt. Mwen te rankontre fanm ak gason ki pat genyen anpil pou yo viv deja nan tan nòmal, yo plonje nan yon lanmè soufrans."
Lèzetazini te nan tèt mouvman ki sou pye pou pote asistans bay Pakistan depi dlo inondasyon yo te kò̈manse monte. Sekretè Deta Hillary Clinton pwomèt Lèzetazini ap rete bò kote Islamabad pou ede rebati peyi a e li anonse Washington pral ajoute 60 milyon dola sou fon lajan li te dispoze bay Pakistan pou l fè fas ak dezas la; konsa èd Lèzetazini an pral depase 150 milyon dola.
Sekretè Deta Clinton deklare : "Anviwon 92 milyon dola nan total la pral jwenn dirèkteman plan sekou Nasyonzini an. Y ap itilize fon sa a pou pote pwovizyon ki trè zenpòtan e pou apiye operasyon Biwo Pakistanè Pou Kontwole Dezas la ak lòt òganizasyon k ap opere nan Pakistan. Lèzetazini ap pote asistans teknik, pandan l ap mobilize resous militè e sivil tou. Jodi a mwen vle lanse yon apèl bay piblik ameriken an ak konpayi amerikèn yo pou yo apiye efò sekou sa yo. Chak grenn dola kapab fè yon diferans."
Inyon Ewòp la anonse l ap pote yon bon jan kontribisyon bay efò sekou yo nan Pakistan. Otorite Inyon an di y ap fè èd yo a monte rive 180 milyon dola. La Grand Bretay, li memn, anonse li pran angajman pou l double asistans li a k ap preske rive nan nivo 100 milyon dola.