Tanpèt Emily tounen yon senp depresyon twopikal, dapre dènye bilten Sant Nasyonal Meteowoloji peyi Dayiti pibliye jedi apre midi 4 daout 2011 la.
Sepandan, sekretraya k ap jere risk ak dezas yo toujou kenbe alèt wouj la sou tout 10 depatman peyi a akòz lapli ak van depresyon an pote.
Direktris buwo pwoteksyon sivil la, madam Alta Jean-Baptiste, di Lavwadlamerik biwo a rete mobilize jiskaske move tan an pa reprezante yon menas pou Ayiti.