Accessibility links

Breaking News

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la Resevwa Pri David Burke la


Sèvis kreyol lavwadlamerik la k ap resevwa pri David Burke la
Sèvis kreyol lavwadlamerik la k ap resevwa pri David Burke la

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la resevwa yon gwo pri pou fason jounalis sèvis la te kouvri tranblemanntè ki te frape Ayiti an Janvye 2010 la. Pri sa a rele « David Burke Award » --oubyen Pri David Burke-- e li mache ak yon plak e yon rekonpans 2 mil 500 dola.

Seremoni an dewoule nan lokal Lavvwdlamerik la, nan Washington DC, devan plis pase 200 moun ki te reyini nan oditoryòm radyo a e ki retransmèt sou Entènèt la vandredi 3 jyen 2011 la. Direktè Sèvis Kreyòl Lavwdlamerik la, Ronald César, bay Lyonel Desmarattes yon entèvyou sou enpòtans pri sa a genyen pou sèvis la. Pami tèm entèvyou sa a kouvri genyen :

-Apui Sèvis Kreyòl la pa sispann resevwa nan men reponsab Lavwadlamerik yo, sitou apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la, pou jounalis li yo kapab genyen a la dispozisyon yo ekipman ak resous yo bezwen pou yo reyalize travay yo nan pi bon kondisyon posib ;

-Atansyon espesyal Sèvis Kreyòl la te resevwa nan seremoni remiz pri a, sitou pawòl ankourajan metrès seremoni an, Dana Perino --ansyen pòt-pawòl La Mezon Blanch-- te pwononse pou l te prezante manm pèsonèl sèvis la anvan yo te prezante devan podyòm nan (direktè sèvis la, Ronald César an tèt) pou yo te resevwa pri a.

-Entèpretasyon mesaj ki nan yon videyo òganizatè yo te itilize pou ilistre travay Sèvis Kreyòl la te fè imedyatman aprè tranblemanntè a pou prezante sitiyasyon an jan li tap evolye ann Ayiti, sitou kondisyon moun ki tap viv nan kan debèjman yo nan Pòtoprens ak lòt kote ;

-Deklarasyon Ronald César te fè pandan li t ap resevwa pri a nan non sèvis la pou l remèsye Komite Direktè ki sou tèt Lavwadlamerik la (BBG : Broadcasting Board of Governors) pou distenksyon sa a li bay jounalis Sèvis Kreyòl la e, a travè yo, tout ayisyen ki ta dwe jwenn yon fyète nan travay yo reyalize pou kenbe konpatriyòt yo enfòme sou sa kap pase nan peyi yo e nan lemond nan yon moman kote travay laprès te difisil ann Ayiti.

- Ronald César pwofite pale de yon inovasyon li pote nan Sèvis la depi 2008, ane kote li te monte kòm direktè : se yon seri seminè sèvis la òganize plizyè fwa pa ane pou jounalis ayisyen yo. Nan kad seminè sa yo, jounalis yo gen okazyon vini Washington pou yo asiste konferans sou fason pou yo fè yon travay ki pi pwofesyonèl; pafwa konferansye yo kite Lèzetazini e yo ale ann Ayiti pou yo anime seyans yo pou repòtè kap milite nan Pòtoprens oubyen nan pwovens.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG