Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Politik Lèzetazini Konsènan Demand Azil


Minis Jistis ameriken an, Jeff Sessions, pandali t ap fè diskou kote li annse chanjman nan politik Lèzetazini vis-a-vis moun k ap mande azil yo.
(Western Conservative Summit, 8 jen 2018, nan Denver, Kolorado).
Minis Jistis ameriken an, Jeff Sessions, pandali t ap fè diskou kote li annse chanjman nan politik Lèzetazini vis-a-vis moun k ap mande azil yo. (Western Conservative Summit, 8 jen 2018, nan Denver, Kolorado).

Minis justis Lèzetazini an, Jeff Sessions, pran dispozisyon pou Depatman l ap dirije a ofri azil pou fi ki viktim vyolans domestik ak vyolans anba men gang, si yo soumèt aplikasyon pou sa. Paske, yon definisyon tou nèf Depatman Jistis la aksepte pou mo “azil la” pral anpeche plizyè milye moun antre legalman sou teritwa ameriken an. Minis Jistis Sessions --ki t ap abòde dosye a nan jounen lendi 11 jen 2018 la-- deklare:

<<Le fèt ke yon peyi gen difiklilte pou l kontwole sèten krim avèk efikasite lakay li, ou le fèt ke yon segman nan popilasyon an ap kouri plis risk pou l viktim krim, pa kapab, an li-menm sèlman, reprezante yon rezon pou yon moun kalifye pou azil.“ Minis Jeff Sessions ajoute:

<<Lemond antye gen pou konnen kisa règleman nou yo di; e yon gwo kantite moun pral konnen yo pa gen enterè fè vwayaj long sa a. Kantite imigran ilegal yo, ak kantite demand san fondman moun abitye fè pou azil yo, pral bese. Mwen gen konfyans sa m di la a se laverite. Nou pral kreye yon "cercle vertueux" olye nou kite yon "cercle vicieux" devlope illegalman.>>

Imigran ak patizan/senpatizan yo ki t ap manifeste nan okazyon yon meeting yo te òganize pou yo apiye DACA -swa yon pwogram pou pwoteje timoun ki te antre Ozetazini pandan yo te piti- devan La Mezon Blanch, nan Washington DC, le 2 septanm 2017.
Imigran ak patizan/senpatizan yo ki t ap manifeste nan okazyon yon meeting yo te òganize pou yo apiye DACA -swa yon pwogram pou pwoteje timoun ki te antre Ozetazini pandan yo te piti- devan La Mezon Blanch, nan Washington DC, le 2 septanm 2017.

Dapre Misye Sessions toujou, imigran yo te pwofite pou yo eksplwate sistèm azil nou an menm si, pou sa, yo te gen pou vyole "regleman nou yo..." Nouvo pwotokòl depatman l ap dirije a pral mete an aplikasyon an, pral bay plis klarifikasyon pou ede jij imigrasyon yo pran yon bon desizyon lè yo gen pou apwouve oubyen refize yon demand dazil."

Prezidan Donald Trump gen lontan depi l ap mande refòm nan sistèm azil la Ozetazini. Kòm rezon li bay pou demand sa a, li site le fèt ke, depi ane 2011, kantite demand etranje fè pou yo jwenn azil Ozetazini, miltipliye 10 fwa lavalè. Misye Trump denonse tou yon taktik ki rele "arête, libere" oubyen "pran pwason an, lage pwason an", an palan de politik kote ajan imigrasyon yo kite yon imigran koupab rete an libete pwovizwa ann atandan otorite yo rele li nan tribinal --yon politik ki ralanti fonksyonnman sistèm legal ameriken an.

XS
SM
MD
LG