Accessibility links

Breaking News

Serena Williams Pral Patisipe nan Tounwa Wimbledon nan Kòm Envite Dѐnyѐ Minit


Foto Achiv: Serena Williams kenbe twofe li ape li ranpote final Wimbledon nan an 2016.
Foto Achiv: Serena Williams kenbe twofe li ape li ranpote final Wimbledon nan an 2016.

Serena Williams pral jwe malgre tou nan tounen Wimbledon, sezon 2022 a, kategori feminen an. Klub Britanik la anonse madi sou kont Twitter li Williams jwenn yon envitasyon pou l patisipe nan kategori senple dam nan.

Serena pa patisipe nan okenn touvwa depi li te blese nan premye set match premye round li a nan Touvwa Wimbledon nan, edisyon 2021 an. Epi non li pa t parѐt sou lis antre semple dam yo ke Tounwa Gran Chelem britanik la te pibliye nan kòmansman mwa jen an.
Sepandan, Serena se youn pami 6 jwѐz ki resevwa envitasyon madi pou yo patisipe nan tounwa a. Pi devan nan menm jounen an, manmzѐl te poste yon foto soulye blan li sou yon teren an gazon avѐk mesaj sa a: “SW avѐk SW19. Se dat la, sa. 2022. Ann pran redevou la. Annavan!”

SW = Inisyal Serena Williams; epi SW19 = Kòd postal Wimbledon.
Jwѐz nwa-amerikѐn nan, ki gen 40 tan, ranpòte 7 sou 23 chanpyona senple dam li yo nan Wimbledon; dѐnye fwa li te genyen tounwa britanik la sete an 2016.

XS
SM
MD
LG