Accessibility links

Breaking News

Seremoni 2èm Anivèsè Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la


Men yon lis aktivite ki dewoule ann Ayiti pou make 2èm. anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la

1.- Prezidan ayisyen a, Michel Martely, avèk kòlèg dominiken li, Leonel Fernandez, inogire jedi nan Limonad Inivèsite Wa Anri Kristòf. Pri: 40 milyon dola. Kantite etidyan: 10 mil.

2).-. Nan okazyon inogirasyon Inivèsite Wa Anri Kristòf la nan Limonad, Prezidan Leonel Fernandez di: “Se on jès amitye ak lanmou pèp dominiken an pou pèp ayisyen an.”

3).- Prezidan Michel Martelly, manm kabinè ministeryèl la, manm palman an, lòt ofisyèl gouvènman an, ak plizyè milye moun asiste yon seremoni ki dewoule sou Mòn Sen Kristòf, nan Titantyen, o nò Pòtoprens, kote plizyè milye viktim tranblemanntè a te antere.

4).- Plizyè dizèn milye moun te reyini jedi sou Chann Mas kote Prezidan Martelly repete plan gouvènman n an genyen pou l deplase plizyè milye moun k ap viv nan tant alantou palè nasyonal la.

Vandredi 13 janvye 2012 la, gouvènman ayisyen an, patnè entènasyonal li yo ak sektè prive a ap lanse vandredi yon fowòm sou pwosesis rekonstriksyon an. Epi, nan Caribe Hotel, nan Petyonvil, yon ekspozisyon foto ap kòmanse vandredi nan memwa selebrite ak manm anpòtan sosyete ayisyèn nan ki te mouri nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la

XS
SM
MD
LG