Accessibility links

Breaking News

Septanm 2010 la: Mwa Ayiti Nan Eta Indiana Ozetazini


Depi kòmansman mwa septanm nan, Vil Bloomington, nan Eta Indiana, isit Ozetazini, ap òganize divès kalite aktivite kiltirèl, rekreyatif ak akademik nan kad seleberasyon sa yo rele “Haiti Awareness Month”, sètadi “Mwa Ouvè Je Sou Ayiti”.

An fèt, ni majistra kominal vil Bloomington, ni Depatman Etid Latino-ameriken ak Karayib Inivèsite Indiana ki gen kanpis li nan vil la, dekrete mwa septanm nan “Mwa Ouvè Je Sou Ayiti”.

Lyonel Desmarattes pran kontak ak direktè etid Latino-amerikèn ak Karayib Inivèsite a, pwofesè Bradley Livingston, pou mande l larezon dèt desizyon sa a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou L. Desmarattes ak mesye Livingston.

XS
SM
MD
LG