Accessibility links

Breaking News

Senatè Garcia Delva Ekskli Definitivman nan Pati Politik Ayiti ann Aksyon an, (AAA)


Senatè Machan Desalin nan, Garcia Delva, ki tap reponn kesyon repòtè yo sou relasyon li ta genyen ak prezime chèf gang Anèl Joseph. Foto: 24 april, 2019.
Senatè Machan Desalin nan, Garcia Delva, ki tap reponn kesyon repòtè yo sou relasyon li ta genyen ak prezime chèf gang Anèl Joseph. Foto: 24 april, 2019.

Direksyon nasyonal pati politik Ayiti An Aksyon (AAA) adopte vandredi 26 avril 2019 la yon rezolisyon pou ekskli definitivman senatè Garcia Delva nan pati a.

Dapre Senatè Youri Latortue, kowòdonatè pati a, desizyon an baze: senatè Delva pat reponn yon korespondans pou l te bay eksplikasyon sou swa dizan relasyon li ta genyen ak chèf gang Arnel Joseph.

Dezyèm rezon an se paske senatè Latibonit la fè deklarasyon nan laprès pou l di li te gen relasyon ak prezime bandi Anèl Joseph otorite yo akize pou zak vyolans ak zam sou popilasyon sivil la.

XS
SM
MD
LG