Accessibility links

Breaking News

Sena Ameriken an Rejte Deklarasyon Dijans Nasyonal PrezidanTrump te Dekrete sou Fwontyè Sid Lèzetazini


Vòt nan Sena a ki bloke deklarasyon dijans nasyonal Prezidan Trump te dekrete pou l te ka bati yon miray sou fwontyè amerikano-Meksiken an.
Vòt nan Sena a ki bloke deklarasyon dijans nasyonal Prezidan Trump te dekrete pou l te ka bati yon miray sou fwontyè amerikano-Meksiken an.

Ozetazini, Kongrè a rejte fòmelman yon deklarasyon dijans nasyonal Prezidan Donald Trump te dekrete dekwa pou l te jwenn fon-lajan ki nesesè pou l fè konstwi yon miray sou fwontyè amerikano-meksiken an. An fèt, 59 senatè vote KONT deklarasyon an e 41 vote POU li; sa ki fè aksyon egzekitif sa a echwe kèk semèn sèlman aprè Chanm dè Reprezantan an te vote pou rejte l tou.

Pou Sena a te rive jwenn rezilta sa a, 12 palmantè repibliken pote-kole ak kòlèg demokrat yo pou fè rezolisyon-rejè a pase nan Gran Kò a. Se yon defi pou La Mezon Blanch, paske, ak vòt sa a, majorite senatè yo montre yo pa pè yon menas Prezidan Trump lanse pou l di li pral poze veto li kan-mèm sou lejislasyon an.

XS
SM
MD
LG