Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Sena a Vote pou Pèmèt Gouvènmam an Relouvri

Lidè Majorite a nan Sena a, Mitch McConnell (R-KY) ki fè yon jès positif aprè kòlèg li yo te fin jwenn yon antant pou kite gouvènman federal la relouvri apre li fin pase 3 jou fèmen. (Kongrè Ameriken an nan Washington, 22 janvye 2018).

Sena ameriken an adopte, lendi 22 janvye 2018 la, yon lejislasyon ki prepare chemen an pou gouvènmnan federal la relouvri 3 jou aprè yon fèmti pasyèl. Sa k te lakoz fèmti sa a, se yon divizyon ak lidè demokrat yo ak lidè repibliken yo sou dosye imigrasyon an.
33 demokrat te mete ansanm ak 48 Repibliken pou yo mete fen nan deba ki t ap fèt ant 100 senatè yo sou yon pwopozisyon-lwa ki pwolonje pou jous 8 fevriye 2018 otorite gouvènman federal la genyen pou l depanse lajan. Sa te pare chemen an pou Sena a te fè yon vòt final sou lejislasyon an. Kounye a gen gwo espwa pwopozisyon an pral pase fasilman nan Chanm Depite a; anfen li prale nan La Mezon Blanch pou siyati Prezidan Donald Trump.
Chèf minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (D-NY), ki t ap kite yun reyinyon ant manm Pati Demokrat la nan Sena a sou 3èm jou fèmti govènman federal la. (Kongrè ameriken an nan Washington, 22 janvye 2018).

Senatè Sherrod Brown, yon Demokrat Eta Ohio, deklare: "Se yon bòn nouvèl pou peyi a." Kòlèg repibliken li, Susan Collins (Eta Maine), fè konnen bò kote pa l: "Jodi a se yon jou selebrasyon. Lè gouvènman an fèmen, sa reprezante pi move echèk pou moun k ap dirije nou yo."
Nan yon deklarasyon Prezidan Trump ekri pou Sekretè Laprès Mezon Blanch la, Sarah Huckerbee Sanders te li, lidè ameriken an di: <<Mwen kontan deske Demokrat yo nan Kongrè a reprann bon sans yo epi yo dispoze kounye a mete lajan a la dispozisyon lame ekstwòdinè nou an, ajan fwontalye nou yo ak premye sekouris nou yo.>>
Senatè Demokrat ki te vote kont lejislasyon an vandredi pase, fè konnen yo wè rezon kounye a pou yo aksepte òf Repibliken yo fè yo a.
XS
SM
MD
LG