Accessibility links

Breaking News

Politik USA: Plis Mezantant sou Nominasyon Jij Kavanaugh pou Kou Siprèm nan


Yon apèsi sou Komison Afè Jiridik Sena ameriken an pandan manm yo te reyini pou yo tande depozisyon sou nominasyon Jij Brett Kavanaugh pou yon plas nan Kou Siprèm nan.
(Foto: Sou Kolin Kapitòl la nan Washington vandredi 28 septanm 2018).
Yon apèsi sou Komison Afè Jiridik Sena ameriken an pandan manm yo te reyini pou yo tande depozisyon sou nominasyon Jij Brett Kavanaugh pou yon plas nan Kou Siprèm nan. (Foto: Sou Kolin Kapitòl la nan Washington vandredi 28 septanm 2018).

Kèk jou sèlman anvan Sena ameriken an òganize yon vòt sou chwa Prezidan Donald Trump fè pou ranpli yon plas vid nan Kou Siprèm, lidè repibliken ak demokrat gran kò a frape kòn yo ankò madi 2 oktòb la sou kesyon ankèt FBI –Biwo Federal Envestigasyon an- ap mennen sou akizasyon ki fè konprann kòmkwa kandida pou plas la ta komèt atak seksyèl sou kèk fi. Non chwa Prezidan an se Jij Brett Kavanaugh.

Daprè previzyon ki fèt, ankèt sa a ta dwe pran fen vandredi 5 oktòb la. Lidè majorite nan Sena a, repibliken Mitch McConnell, fè konnen vòt la pral fèt yon fwa senatè tou lè 2 payi va fin gen yon chans pou yo konnen kisa ki nan konklizyon anketè FBI yo. Senatè Eta Kentucky a, ki t ap pale ak jounalis yo nan Washignton, deklare: “Sa mwen kapab di nou avèk tout asirans, sè ke nou pral resevwa rapò FBI la semenn sa a e n ap gen yon vòt tou semenn sa a menm.”

Pandansetan Demokrat yo fè La Mezon Blanch egzijans pou li 1. pibliye enstriksyon li te bay IBI lè l ta p pase lòd pou ajans la mennen ankèt la; 2. pou Pouvwa Egzekitif la fè yon jan pou piblik la konnen sa ki nan rapò a; 3. epi pou anketè FBI yo mete devan senatè yo yon kontrandi a-loral sou rezilta envestigasyon an.

XS
SM
MD
LG