Accessibility links

Breaking News

Sen Domeng Ranfòse Sekirite sou Fwontyè li Akoz Kriz Politik la ann Ayiti


Drapo peyi Sen Domeng
Drapo peyi Sen Domeng

Nouvèl ki sòti Santo Domingo, Repiblik Dominikèn, fè konnen depatman defans nasyonal peyi Panyòl pase lòd pou otorite militè yo voye yon ranfò mil 200 sòlda nan zòn fwontyè a avèk Ayiti akoz kriz k ap vin pi grav nan peyi vwazen an. Chèf lame dominikèn nan, majò-jeneral Stanislao Gonell Regalado ki t ap vizite zòn fwontyè a, konfime enfòmasyon an e li presize ranfò sa a se yon adisyon sou mil 500 militè otorite yo te voye sou fwontyè a sa pa gen lontan.

Korespondan Sèvis Kreyòl la nan Santo Domingo, Edouard Saint-Jean, verifye nouvèl la e li ajoute mouvman militè sa yo fè pati yon woutin ki antre nan kad reyaksyon otorite panyòl yo genyen chak fwa gen gwo dezòd nan peyi vwazen an. Edouard rejte rimè ki vle fè konprann mouvman twoup militè sa yo sou fwontyè a se yon siyn ki ta montre Repiblik Dominikèn ap prepare yon envazyon ann Ayiti.

Yon lòt kote, korespondan nou an pote limyè sou bri k ap kouri pou fè konnen Oganizasyon Nasyon Zini (l'ONU) ap prepare yon lòt misyon pou Ayiti e se Repiblik Dominikèn ki pral nan tèt misyon sa a. Edouard Saint-Jean, ki ban nou pèmisyon pou n site li, rejte posiblite sa a kategorikman. Li di istorikman diferan gouvènman dominiken te refize dirije yon misyon ann Ayiti chak fwa yo te gen opòtinite a oubyen yon òganizasyon entenasyonal ou rejyonal te mande yo sa; paske yo pa vle blese santiman ayisyen yo. Rimè sa a ap kouri depi kèk jou e li pwovoke endiyasyon Ayisyen ni nan peyi a ni nan dyaspora a. Se yon dosye n ap swiv.

XS
SM
MD
LG