Accessibility links

Breaking News

Fen yon Seminè sou Laprès VOA Kreyòl Oganize ann Ayiti


Libète Laprès nan Lemond an Kreyòl
Libète Laprès nan Lemond an Kreyòl

Mèkredi 31 jiyè 2019 la sete fen yon seminè fòmasyon Lavwadlamerik te òganize pou anviwon 20 jounalis k ap travay pou afilye sèvis la toupatou ann Ayiti. Nan seremoni remiz sètifika patisipasyon an, divès repòtè te pran lapawòl pou yo fè konnen se avèk anpil satisfaksyon yo resevwa konesans ki pral pèmèt yo reyalize yon travay ki pi pwofesyonèl pou benefis oditè yo, telespektatè yo ak entènot yo.

Nan youn nan sesyon seminè a, madi 30 jiyè 2019 la, Minis Konseye anbasad amerikèn nan, Robin Diallo, 2èm pèsonalite nan misyon diplomatik la, te reponn yon kritik li resvwa souvan e ki fè konprann administrasyon amerikèn nan ta apiye gouvènman Prezidan Jovenel Moise la. Diplomat la di:

"Non, non pa apiye yon gouvènman; men nou sipòte yon prezidan ki te eli demokratikman..."

Delegasyon Lavwadlamerik l te gen ladan n: Sandra D. Lemaire, espesyalis nan medya sosyal (Sal Nouvèl Santral VOA); Ronald César, direktè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la; avèk Iscar Blanco, direktè Biwo Mache pou Amerik Latin nan.

Klike sou lyen ki akonpaye atik sa a pou n swiv temwayaj kèk nan patisipan sou sesyon fòmasyon an.

Lavwadlamerik Òganize 2 Jou Fòmasyon pou Jounalis Afilye ak Korespondan li yo ann Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:23 0:00

XS
SM
MD
LG