Accessibility links

Breaking News

Seleksyon U-15 Ayiti a ap Prepare L Pou Final la


Antrenè seleksyon Ayiti a Sonche Pierre rekonèt se yon match revanch pou ayisyen yo ki te tonbe 9 a 0 fas ak Bolivi nan premye tou a. Dapre mesye Sonche Pierre rezon gwo defèt sa a se te fatig apre yon long vwayaj.

Ayiti kalifye apre viktwa 2 a 0 li ranpòte devan peyi òganizatè a Sengapour. Jean Bonhomme ak Daniel Gedeon make gòl seleksyon nasyonal ayisyen an.

Bolivi jwen kalifikasyonn apre li kale Montenegro 3 a 1. Final la fikse pou mèkredi 25 Out.

Nan match de klasman an k ap jwe 25 out la Montenegro kont Sengapour. 6 peyi patisipe nan premyè edisyon je zolenpik jè n mwen de 15 zan yo. Sengapour, Bolivi, Ayiti, Montenegro, Zimbabwe, Vanuatu.

Bò kote medam yo, Chili ap rankontre Guine Ekwatoryal pou meday dò a epi Turki kont Iran pou 3èm plas la.

XS
SM
MD
LG