—Antrenè seleksyon foutbòl nasyonal ajantin nan, Diego Maradona, anonse espwa l pou l kontinye antrene seleksyon an akondisyon pa gen chanjman ki fèt nan pèsonèl teknik seleksyon an.
Si prezidan federasyon an Julio Grondona dakò, Maradona kapab rete nan pòs la jiskan 2014 ane koup dimond la ap dewoule o Brezil.
—Federasyon Foutbòl Brezilyen an nonmen Mano Menezes kòm nouvo antrenè seleksyon Brezil la nan plas Dunga ki revoke.
Menezes ki te antrene klib brezilyen Corinthians an jwenn djòb la apre Muricy Ramalho pat kapab aksepte djòb la akoz Fluminense pat vle aksepte demisyonn.
Nouvo antrenè a ap kòmanse travay lendi 26 jiyè kote li kapab kòmanse seleksyon jwè ki pral reprezante peyi a nan yon match amikal kont Etazini mwa Out la.
—Yon delegasyon 6 manm FIFA rive an Ostrali kote yo pral enspekte enstalasyon spòtif peyi a ak sistèm kominikasyon an.
Ostrali ki se 3èm etap delegasyon an se youn pami kandida pou akeyi koup dimond la an 2018 ou byen an 2022. Delegasyon an vizite Japon ak Kore di Sid.
Apre vizit sa a delegasyon an pral vizite Oland/ Bèljik, Espay/Pòtigal k ap chache òganize konpetisyon an ansanm, la Rusi, Angletè, Etazini ak Katar. Apre vizit sa yo delegasyon an pral prepare yon rapò sou kapasite ak abilite chak peyi genyen pou akeyi koup dimond 2018 ak 2022 a.
Komite ekzekitif FIFA a ap anonse peyi òganizatè yo 2 Desanm nan katye jeneral òganizasyon an nan vil Zurik an Swis.
—Siklis espayòl Alberto Contador ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la pou yon 3èm fwa an 4 an.
Ameriken Lance Armstrong ki ranpòte konpetisyon an 7 fwa afile, fini 23èm nan klasman jeneral la. Liksanbourjwa Andy Schleck fini an 2èm pozisyon ak 39 sekond epi Ris Denis Menchov klase 3èm.