Accessibility links

Breaking News

Sektè Agrikòl Afriken an Bezwen plis Envestisman


Dapre rapò yon yon gwoup ekspesyalis britanik pibliye, peyi ewopeyen yo dwe fè plis envestisman nan sektè agrikòl-la sou kontinan Afriken an. Rapò a atire atansyon sou le fèt ke pa genyen relasyon ant angajman peyi yo pran pou yo envesti nan sektè agrikòl afriken an ak jan sitiyasyon an prezante an reyalite.

Ekspè ewopeyen ak afriken di donatè ewopeyen yo bezwen non sèlman santre atansyon yo plis sou menas imedya k ap peze sou sekirite alimantè a an Afrik, men sitou apiye inisyativ kontinan an pran pou li amelyore pwodiktivite agrikòl lakay li.

Prezidan gwoup ki rele “Alyans pou yon Revolisyon Vèt”, Namanga Ngongi, ki pami espesyalis ki fòme komite a, rekonèt gen amelyorasyon ki fèt nan sektè agrikòl la. Dapre li, teren ki te konn pwodwi yon tòn manje pa ekta tè nan le pase, pwodwi jounen jodiya 6 fwa plis, apre envestisman gouvènman sou kontinan an fè nan domèn nan. Gouvènman yo achete plis angrè epi yo pèmèt antrepriz yo jwenn finansman yo bezwen. Pa ekzanp, peyi Nijerya pase devan Brezil kòm pi gwo peyi pwodiktè kasav e pi gwo sous kalori sou kontinan afriken an.


An 2009, peyi ewopeyen rich yo ak Lèzetazini te pran angajman pou yo envesti 25 milya edmi dola pou amelyore sekirite alimantè a nan lemond e pou yo bay kontinan afriken an yon atansyon espesyal. Komite a di li enpòtan pou lajan envesti kote ki nan bezwen. Se « Komite Montpelier » ki prepare rapò a gras ak patisipasyon 10 espesyalis kap travay nan sektè agrikòl la, nan domèn devlopman, komès ak politik.

XS
SM
MD
LG